Technology

Teknoloji, yon zouti endispansab pou devlopman dirab Ayiti

Jounen jodi a, teknoloji se premye zouti ki prezan nan tout sa n ap fè: telefòn, tablèt ak laptòp agogo. Nou pale ak fanmi oswa zanmi nou sou Facebook oswa Whats’app. Nou pa al nan sibèkafe ankò paske tout sa nou bezwen nou jwenn yo nan pla men nou. Mwen kwè Ayiti ka pran bon jan chimen devlopman dirab la si nou reyisi kreye yon plan manch long k ap fè pwomosyon pou teknoloji kòm yon zouti akonpayman nan tout sektè tankou agrikilti, touris, lasante, edikasyon elatriye.Fondasyon plan devlopman dirab sila a dwe chita sou 3 pilye:

1.Bon jan edikasyon ak fòmasyon teknolojik Edikasyon teknolojik

la dwe kòmanse depi nan lekòl primè. Timoun jodi yo ki gen pou vin lidè nou demen gen chans ap evolye nan yon mond dinamik kote teknoloji ap ba yo enfòmasyon san kanpe. Pou nou ede timoun ak jèn sa yo vin konpetitif, nou dwe fè yo fè konesans ak teknoloji depi tou piti. Kidonk, lekòl nou yo dwe tabli yon ajennda enfòmatik solid ki vize aprann elèv yo tout nosyon fondal natal yo. Li tris jodi a, nan lane 2017, pou n ap jwenn inivèsitè oswa pwofesyonèl ki pa menm konnen kijan pou yo louvri yon òdinatè alevwa pou fè yon bon jan rechèch sou “Google” ak “Wikipedia”. Li pa akseptab pou n ap viv yon fenomèn konsa nan mitan 21yèm syèk. Fòk nou rele sou kò nou pou nou garanti yon egalite nan sistèm edikasyon nou an. Lekòl ki gen plis mwayen yo chaje resous enfomatik ki disponib pandan gen lòt, sitou sa nan zòn ki pi rekile ak defavorize yo, pa genyen anyen ditou. Fòk twou sa a bouche paske elèv ki gen chans itilize teknoloji yo gen plis avantaj ak aprann 10 fwa pi byen pase sila yo ki pa gen aksè ak teknoloji.

Tout elèv lekòl sou teritwa nasyonal la dwe gen aksè ak teknoloji nan lekòl yo pou yo aprann pi byen. Anplis, prezans teknoloji nan klas yo ka ranplase anpil enfrastrikti ak pèmèt lekòl yo sere plis lajan. Elèv ki ret nan zòn ki pi lwen yo ka gen yon latriye enfòmasyon oswa resous gras ak bon jan koneksyon entènèt. Nan epòk n ap evolye la, fòk nou komanse kite lojik kote yon elèv lekòl ap mache ak pil liv nan yon valiz byen lou sou do li, sa ki ka ba li gwo pwoblèm do ak senti, pou nou vanse nan stad kote l ap ka mete tout resous edikasyon li bezwen nan yon laptòp ki peze mwens men ki gen kapasite estoke plizyè milye liv.

Edikasyon melanje ak teknoloji se pi bèl konbinezon pou yon jenès solid k ap ka travay pou inove sosyete nou an nan kreye solisyon ak zouti teknolojik pou fasilite ak rezoud anpil difikilte sosyal nan plizyè domèn tankou agrikilti, lasante, ekonomi, elatriye. Jounen jodi a, chwa karyè nou yo se sèl pwofesyon tankou doktè, avoka, enjenyè. Nan kad fòmasyon inivèsitè ak pwofesyonèl, nou dwe kòmanse aprann jèn yo apreseye sektè teknoloji a pandan n ap ede yo konprann plizyè chwa karyè yo ka fè ladan l depi lè yo nan lekòl klasik. Paske pi devan, se jèn pwofesyonèl sa yo ki pral chita ansanm pou kreye solisyon, aplikasyon mobil oswa lojisyèl, ki pral rann lavi pèsonèl ak pwofesyonèl nou pi senp.

2. Bon jan kad legal pou devlòpman teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon.

Pa gen peyi ki fonksyone byen san bon jan lwa ak yon sistèm ki ka garanti lwa sa yo respekte. Pou nou ka fè komès elektwonik oswa bay popilasyon an sèvis piblik elektwonik a popilasyon an nan anviwònman global dijital sa, nou bezwen bon jan lwa ak refòm solid ki pou pèmèt sektè a devlope. Lwa ak refòm tankou lwa sou siyati elektwonik ki kapab pèmèt biznis yo ak popilasyon an fe tout kalite tranzaksyon sou entènèt an tout sekirite; Refòm nan baz enèji, telekominikasyon, antreprenarya, sistèm bankè, transpòtasyon ak tout lòt enfrastrikti de fondal natal yo. Se solidite strikti sa yo ki pral fè plas ak wout pou teknoloji a tout bon nan peyi nou.

Pa egzanp, refòm sektè telekominikasyon an enpòtan anpil pou ka sèvi fondasyon pou devlòpman teknoloji. Pou fè komès ak gouvènans elèktwonik, nou bezwen bon jan koneksyon entènèt. Nou bezwen lwa sou liberalizasyon mache nou an, ki vle di nou dwe ankouraje plis konpetisyon ki pral non sèlman fè debouche sou plis envestisman, inovasyon, ak devlòpman enfrastrikti, men ki pral pèmèt tou nou gen aksè ak pi bon sèvis. Tout bagay sa yo pral otomatikman kontribye pou kwasans sektè teknoloji a.

Li enpòtan pou souliye tou liberalizasyon pa vle di absans regilasyon men pito ankourajman pou plis konpetisyon. Fok nou elimine baryè yo ki anpeche moun fè biznis. Yon antreprenè k ap fè komès elèktwonik sipoze ka lanse biznis li byen lwen epi jwenn lisans pou li fonksyone san twòp gwo baryè legal. Lwa bankè yo dwe modènize tou paske komès elèktwonik la mande aksè ak kat kredi oubyen lòt fòm pèman ki pa lajan kach. Kidonk, sa mande pou nou prepare nou tou pou n konbat frod kat kredi ki ka vini kòm domaj kolateral nan modèl tranzaksyon sa yo. Kidonk, nou bezwen tabli bon jan lwa sou sibèkriminalite, adapte ak ranfòse sistèm jistis nou an pou kwape tout malvèsasyon ak frod elèktwonik.

3. Bon jan envestisman piblik pou tout kalite inisyativ k ap pouse devlopman nan itilizasyon teknoloji.

Inovasyon nan teknoloji depann anpil de sipò gouvènman. Envestisman piblik nan inisyativ teknolojik jwe yon wòl enpòtan nan devlòpman ak kwasans sektè a. Nou bezwen kokennchenn envestisman piblik k ap pouse pou pi devan rechèch ak edikasyon nouvèl jenerasyon inovatè ki kapab eksplwate sektè sa. Plis envestisman nan fakilte leta yo ki ap fòme enjenyè elektwonik ak enfòmatik nou yo. Plis patenarya ant leta ak divès inivesite pou travay sou solisyon tou nouvo ki kapab rezoud pwoblèm pèp la konnen chak jou. Plis envestisman nan materyèl ak enfrastrikti teknik. Plis envestisman ak pwomosyon “hackathon” – espas kote teknisyen rasanble yo pou yo kode oswa ponn solisyon teknolojik nan aplikasyon ak devlòpman lojisyèl.

Demach sa yo ap non sèlman pèmèt yon peyi develope sektè teknoloji a men li gon enpak dirèk sou kwasans ekonomik li tou. Envestisman nan edikasyon piblik, rechèch ak devlopman oswaenfrastrikti se envèstisman manch long k ap asire kwasans ekonomik peyi a nan kreyasyon nouvo endistri ak plizyè milye djòb. Etazini ka sèvi nou yon gwo egzanp nan sans sa lè n ap gade relasyon ki genyen ant kwasans ekonomik li akkantite kòb li envesti nan inovasyon teknolojik.

Gouvènman ameriken an fè anpil envestisman nan sektè a pendan li rete yon lidè mondyal.

Yon apwòch konsa ap pèmèt nou soti tou dousman nan mantalite konsomatè a pou n devlope yon atitid pwodiktè solisyon tout nouvo ki kapab sèvi rès mond lan. Teknoloji pa fèmen nou sou selman Ayiti men li ouvri tout rès mond la pou nou. Poukisa nou pa ta ka bay yon pwochen inovatè mondyal nan kalib Zuckerberg? Se ak volonte pou n goumen pou tout kondisyon yo kapab reyini.

Stéphane Vincent
mr.stephanevincent@gmail.com
Licencié en Communications (Digital Communications and Media, Politics) à l’Université de New York. Auteur

source Nouvelliste

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

An emerging technology news provider world wide. It helps reader to get the updated technology news. A right place for knowing the emerging technology, mobile technology, software, infrastructure and its business.

Reader one stop place for all tech news.

Copyright © 2016. Poweredby WordPress, Designed & Maintained by Umer Qaisar.

To Top